Vizyon nou

Latibonit te toujou kenbe yon kote espesyal nan kè m. Depatman sa a—grenye peyi Ayiti—chita sou yon tè ki ka bay manje pou a tout fanmi nou, e menm pou tout nasyon an. Men malgre sa, nou jwenn anpil difikilte: vyolans k'ap detwi kominote nou, swen sante ki pa disponib pou anpil moun, epi wout ak lekòl nou yo pa rive satisfè nou. Men, anfas tout defi sa yo, mwen wè yon avni kote Latibonit ap fleri—yon avni ki bati sou lapè, opòtinite, ak konfyans e rezilyans pou pèp nou an.

Lapè ak Sekirite
Nou bezwen kase kòd vyolans lan. Chak fanmi merite santi yo an sekirite nan katye yo. M'ap travay men nan men ak lidè lokal, sosyete sivil, ak patnè konfyans yo pou ranfòse pwogram sekirite kominotè ak atake rakyz pwoblèm yo—mank opòtinite, laperèz, ak mangonmen—ki ba gang yo fòs. Ansanm, nou kapab retabli kalm ak estabilite nan chak katye.

Renouvèlman Agrikòl / Pwodiksyon Nasyonal ak Sekirite Alimantè
Tè Latibonit se sous lavi ak eritaj nou. Nou ka ba li jarèt atravè metòd agrikòl dirab/pwodiksyon nasyonal la, pi bon irigasyon, ak pi bon aksè a kredi ak ekipman modèn. Nou Konnen deja ke kiltivatè nou yo deja ap travay di; si yo jwenn bon sipò, y'ap ka bay manje pou tout peyi a epi bay ekonomi lokal la plis fòs.

Swen Sante pou Chak Fanmi
Swen sante pa ta dwe yon privilèj—se yon dwa imen. Pa gen manman, papa, oswa pitit ki ta dwe pè pou yo pa jwenn swen. Mwen vize elaji sant sante yo, bay yo bon ekipman, fòme pwofesyonèl sante ki soti nan kominote nou yo, epi bay klinik yo medikaman esansyèl. N'ap mete sante an premye plan, n'ap favorize yon Latibonit kote chak moun gen chans pou viv anfòm.

Enfrastrikti pou Kwasans
Bon wout, elektrisite, dlo, ak lekòl se fondasyon pou pwosperite. Mwen vle konstwi wout solid epi amelyore rezèv dlo, kreye djòb. Plan mwen an se ankouraje pwojè enfrastrikti k'ap bay kominote a fòs, kreye djòb dirab, epi tabli baz pou kwasans k'ap dire.

Edikasyon pou Emansipasyon
Timoun nou yo merite yon edikasyon de kalite k'ap rann yo anbisye e kreyatif. M'ap plede pou fòme bon pwofesè, mete klas modèn, epi asire resous edikasyon ki disponib pou tout elev, kit se andeyò kit se lavil. M' chwazi envesti nan edikasyon paske l'ap ogmante kapasite jenerasyon k'ap vini yo pou dirije, inove, ak rezoud pwoblèm ki egziste e antisipe tou.

Teknoloji
Adopte teknoloji ka louvri anpil posiblite pou Latibonit. Pi bon aksè a entènèt, pwogram alfabetizasyon dijital, ak kreyasyon sant inovasyon ap ede nou fè konkirans nan yon mond k'ap evolye rapid. Ann bay jèn nou yo, antreprenè nou yo, ak kiltivatè nou yo zouti ki apwopriye, kit se teknik agrikòl avanse oswa platfòm aprantisaj sou entènèt. Teknoloji pa sèlman kesyon gadjèt; li se mwayen pou nou louvri nouvo chemen pou tout moun.

Mwen kwè nan Latibonit. Mwen kwè nan detèminasyon pèp nou an pou simonte defi yo epi kreye yon lòt wout. Avèk yon konsantrasyon solid sou lapè, pwosperite, ak inite, nou kapab bati yon zòn ki vin yon egzanp pou tout Ayiti—yon kote ki pran swen chak moun, libere tout potansyèl nou, epi pa kite pesonn dèyè.

Kòman ou vle angaje ou?

Phone

Mwen swete ede nan fason sa a: