ANSANM N'AP CHANJE LATIBONIT POU TOUT PITIT LI JWENN YON VI KI MIYÒ JODI A AK DEMEN.
Lè w klike sou JWENN NOU, ou aksepte Règleman sou Itilizasyon ak Konfidansyalite yo.
RANKONTRE LIDÈ K'AP BATAY POU OU AK FANMI'W LAN
J. WILBERT DESHOMMES
Joseph Wilbert Deshommes se yon lidè vizyonè, yon enjenyè konpetan ak yon edikatè devwe. Li se otè liv « Haïti, Victime du Moi D'abord » epi li te reprezante sikonskripsyon Grann Salin kòm depite de fwa — 48yèm ak 49yèm lejislati. Fò de eksperyans li nan politik ak devlopman, li angaje l pou mete Latibonit sou wout pwogrè ak veritab chanjman. Li vle mobilize tout fòs li pou retire depatman Latibonit nan sitiyasyon li ye la.
Poze pyon pa'w nan rekonstriksyon Latibonit.
Ap chaje opsyon yo...
Nou pran angajman pou bati yon avni kote edikasyon, sante, opòtinite ak teknoloji pou sekirite e aksesib pou tout moun. Lè nou envesti nan moun, ankouraje inovasyon, epi ranfòse kominote nou yo, nou kapab kreye yon sosyete jis e pwospè. Vizyon nou baze sou konviksyon ke chanjman pozitif kòmanse ak aksyon. Ansanm an'n fòje yon Artibonite eksepsyonèl kote chak moun jwenn sipò san defayans, benefisye de resous de kalite, epi sezi opòtinite ki fèt sou mezi pou yo reyisi. Nou kwè tou nan amelyore kondisyon yo epi sipòte antreprenè ak etidyan. Lè nou fè sa, n'ap kontribye nan devlopman pou yon avni miyò pou tout timoun Latibonit yo.